CHALLENGE
GRAN PATWON
« Gwo lide. Gwo vizyon. Yon Gran Patwon. »
Yon konkou antreprenarya ki dekouvri moun ki gen bon lide ak bon pwojè, ann Ayiti kou nan dyaspora a, epi ba yo vizibilite, sipò ak opòtinite pou fè lide yo tounen reyalite.
Yon platfòm pou mete gwo lide devan
Challenge Gran Patwon se yon inisyativ Kayanou ki vize idantifye moun ki gen lide, pwojè ak potansyèl antreprenarya, epi kreye opòtinite pou yo devlope pwojè yo — Ayiti kou dyaspora.
Vizibilite
Chak kandida seleksyone jwenn yon espas pou prezante pwojè li devan yon piblik, yon jiri ak potansyèl patnè.
Sipò & Resous
Chanpyon an resevwa akonpayman reyèl pou fè pwojè li avanse — plis pase yon senp pri annajan.
Enpak Ekonomik
Objektif la se ede bon pwojè kreye travay epi kontribye nan devlopman ekonomik Ayiti.
Soti nan enskripsyon rive nan chanpyon
Yon pwosesis transparan sou plizyè semèn, ki melanje evalyasyon jiri ak vòt piblik.
Enskripsyon
Seleksyon 12 Kandida
3 Gwoup × 4 Kandida
Live & Vòt Piblik
3 Finalis
Chanpyon
Yon nòt sou 100%, kalkile jan sa a
Dat ki enpòtan pou kandida yo
Tout dat yo swiv Plan Daksyon Ofisyèl Challenge Gran Patwon 2026 la.
-
Lendi 31 Out 2026 ByentoLouvèti ofisyèl enskripsyon an — fòm enskripsyon disponib.
-
Vandredi 11 Septanm 2026Dat limit pou soumèt fòm enskripsyon ofisyèl la, ansanm ak videyo prezantasyon an.
-
18 – 21 Septanm 2026Kandida seleksyone yo kontakte, epi yo siyen Règ ak Akò Patisipasyon an.
-
26 Septanm – 1ye Novanm 2026Konpetisyon ofisyèl la : prezantasyon 12 kandida, 3 semèn gwoup, Live, vòt piblik ak etap final la.
-
1ye Novanm 2026Anons Chanpyon Challenge Gran Patwon — Premye Edisyon 2026 an.
Plis pase yon pri annajan
Chanpyon Challenge Gran Patwon an ap resevwa US$1,000, plis yon vrè akonpayman nan pwojè li : etid ak planifikasyon, biznis plan, rechèch patnè ak swivi pwogrè pwojè a — jiskaske lide a tounen yon reyalite ekonomik.
Enskripsyon ofisyèl la ap louvri 31 Out 2026
Swiv paj Facebook ofisyèl Challenge Gran Patwon an pou resevwa lyen fòm enskripsyon an ak tout dènye nouvèl yo, san ou pa manke anyen.
Swiv Challenge Gran Patwon sou Facebook